Categories: AN KREYÒL

Dat pou fineray Éric Jean Baptiste yo fikse

Share

Fineray ansyen Sekretè jeneral pati Rasanbleman demokrat nasyonal pwogresis yo (RDNP), Éric Jean Baptiste, ap gen pou chante nan dat 14 novanm k ap vini la, daprè pòt pawòl pati a Ricardo Nordin. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Pòt pawòl RDNP a konfime dat fineray PDG Père Éternel Lotto a, ki se te egalman Sekretè jeneral pati a, k ap gen pou fèt lendi 14 novanm k ap vini la, anviwon de semèn aprè bandi te fin asasinen l nan Laboul 12 pandan l t ap rantre lakay li. 

Toutfwa, Ricardo Nordin fè konnen dat ak kote fineray yo ap gen pou fèt la ap kominike nan yon tan ki pa long. 

Ansyen Sekretè jeneral RDNP t al mouri lopital nan sware samdi 28 oktòb la aprè yon atak nèg ak zam te fè sou li nan Laboul 12 pandan l te sou wout pou rantre lakay li nan Taraz. 

Laboul 12, youn nan dènye zòn nondwa ki kreye nan rejyon metwopolitèn lan avèk yon gwoup gang li gen pou chèf Ti Makak. 

Avan Éric Jean Baptiste, ansyen senatè Yvon Buissereth te gentan youn nan viktim gwoup gang san fwa ni lwa sa ki te touye l epi mete dife sou li. 

 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by