Dèlma 30 : yon moun mouri, 2 lòt blese nan yon atak nèg ak zam

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
dèlma 30 yon moun mouri, 2 lòt blese nan yon atak nèg ak zam

Nan yon atak ki fèt sou yon kamyonèt zòn Dèlma 30, yon moun mouri 2 lòt blese gravman grav aprè plizyè endividi moun pa rive idantifye t ap kreye latwoublay nan aswè 11 me 2023 a.

Aksyon an pase byen ta nan aswè 11 me 2023 a nan zòn Dèlma 30. Bandi louvri kout bal sou yon kamyonèt ki te chaje ak pasajè, men ki t ap reyisi dènye kous li pou jounen an. Chofè a malerezman pèdi lavi l aprè l ta fin blese anba bal malfra yo, sa ki ta pral lakoz machin lan rantre sou twotwa Sogebank lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Enfòmasyon yo rapouswiv pou fè konnen gen 2 nan pasaje yo ki blese gravman grav, menmsi yo pa konfime si se bal oubyen si se ta paske machin lan rantre sou baraj ki kole ak Sogebank lan. Toutfwa, nou anmezi pou n konfime chofè a idantite l poko revele, mouri aprè l ta resevwa katouch sou volan an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.