PNH la vle dechouke tout fwaye gang yo an Ayiti

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
pnh la vle dechouke tout fwaye gang yo an ayiti

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PHH) pa twò lontan te anonse detèminasyon li pou elimine tout fwaye gang kap opere nan peyi a. PNH la te deklare lagè kont gwoup kriminèl sa yo nan lide pou demantle tout sous kriminèl sa yo nan peyi a.

Vrèman vre, gang yo an Ayiti depi lontan te yon menas pou sekirite piblik la, sa ki te lakòz vag vyolans, kidnapin, ekstòsyon ak asasina plizyè sitwayen ayisyen nan peyi a. Men, enstitisyon Lapolis la te kòmanse entansifye efò li yo pou sispann aktivite ilegal sa yo anndan sosyete Ayisyèn lan.

Se sak fè, PNH la te lanse yon seri operasyon pou dechouke manm gang yo epi kraze rezo yo. Operasyon sa yo fèt ak siksè nan plizyè distri nan kapital la, Pòtoprens, ansanm ak nan lòt vil nan peyi a. Yo te arete plizyè douzèn manm gang, sezi zam, san konte kèk nan swadizan kriminèl sa yo ki te bwè dlo dan yo.

Nan kad operasyon Lapolis t ap mennen nan lide pou dechouke bandi ak zam nan Vilaj de Dye yo, ajan fòs lòd yo montre devouman yo semèn sa yo pou pran oserye misyon yo nan peyi a. Menmsi se Vilaj ki sanse sib polisye yo pandan operasyon sa yo, sa pa anpeche yo te fè kèk kout tèt nan zòn ki antoure Vilaj de Dye yo, sa ki te lage gang ak zam sa yo nan yon sitiyasyon laperèz.

Popilasyon an bò kote pa l ki bouke viv nan laperèz ak vyolans, te byen akeyi aksyon ajan sa yo. Moun ki rete nan katye ki afekte ak bandi yo te eksprime soulajman yo ak rekonesans yo bay PNH la.

Men n ap note, batay kont gang yo pa fini. Manm gang yo byen òganize epi yo gen anpil resous, sa ki fè arestasyon yo difisil. Kidonk, PNH la dwe kontinye entansifye aksyon l yo pou kraze tout sous krim an Ayiti.

Batay kont gang sa yo se yon gwo defi pou PNH la, men se yon defi enstitisyon Lapolis la pare pou li leve. Sekirite pèp la se pi gwo priyorite li, epi li pral fè tout sa ki nan pouvwa li pou asire yon avni nan sekirite pou tout Ayisyen, daprè sa DG PNH la fè konnen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.