Lapolis Repiblik Dominikèn remèt PNH la “Yeye” nan men

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis repiblik dominikèn remèt pnh la “yeye” nan men

Otorite dominiken yo remèt men nan men ayè mèkredi 10 me 2023 a Mykaisonne Yeye bay Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) aprè yo te fin arete l samdi 6 me pase a nan komin Puerto Plata andedan Repiblik Dominikèn.

Mykaisonne Yeye lapolis te gen avi rechèch dèyè l depi lè l t ap sikile Ayiti kòm prezime manm aktif gwoup gang “Bois d’homme”, youn nan gang ki pi danje an Ayiti. Konsène a te genyen kòm akizasyon ; “asasina, tantativ asasina, vòl, pou n site sa yo sèlman.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Arestasyon sila a te fèt nan aprè midi samdi 6 me 2023 a, nan lokalite Puerto Plata, yon komin nan Repiblik Vwazen. Yo remèt li bay lajistis Ayisyen ayè mèkredi 10 me a pou swit legal yo.

N ap raple, pou kouwèl ye la a, prezime manm gwoup “Bois D’homme” lan nan yon gadavi an Ayiti, annatandan tout dènye desizyon legal yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.