Depi Oktòb 2022, kolera deja touye prèske 800 moun an Ayiti

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
depi oktòb 2022, kolera deja touye prèske 800 moun an ayiti

Kantite moun ki viktim anba maladi kolera a pase ak pou pi piti 743, aprè otorite yo revele genyen 6 lòt moun ki mouri akoz maladi a. Otorite sanitè yo kontinye bay gwo alèt sou sitiyasyon an ki vin pi enkyetan chak jou pi plis.

Daprè Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), sou 743 moun ki mouri yo depi lè kolera reparèt tèt li an, genyen 504 ladan yo ki mouri sou kabann lopital alòske rès 329 la rann dènye souf yo san yo pa resevwa swen sante.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou kounya e totalman, peyi d Ayiti anrejistre 47 mil 105 ka sispèk ki lye ak maladi sila, 3 mil 24 ka konfime ak 42 mil 466 pasyan ki sou kabann lopital, ladan yo 138 nouvo ka, daprè MSPP. Yon bilan ki san lè ogmante pandan semèn sa.

54,24% pasyan yo se gason, 45,76% se fanm, yo gen yon laj mwayèn 17 lane, li presize.

N ap raple, epidemi kolera a pran yon lòt faz, sitou nan yon kontèks kote popilasyon an ap fè fas avèk plizyè kriz, pami yo imanitè ak sanitè, san konte ensekirite a ki foure kò l nan tout bagay. Alòske peyi d Ayiti antre nan sezon siklòn, poko genyen reyèl dispozisyon ki pran pa bò kote otorite yo pou evite dega fèt. Deja, depi kòmansman sezon an jiska jounen jodia, se pou pi piti 51 moun ki mouri.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.