DGI mande kontribyab yo pou met devwa yo o pwòp

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
etazini ak kanada sanksyone plizyè wo diyitè ayisyen, ariel henry rete bèkèkè  (1)

 Nan yon kominike, Direksyon Jeneral Enpo (DGI) raple piblik la, patikilyèman kontribyab yo, pou mete devwa yo o pwòp, jan atik 127 Dekrè 29 septanm 2005 lan, ki gen rapò ak enpo sou revni, mande sa. 

Li raple ajan piblik pèmanan ak kontraktyèl yo, anplwaye sektè prive, pèsonèl ayisyen ki nan òganizasyon non gouvènmantal yo, misyon diplomatik ak konsilè yo, travayè otonòm ak moun k ap ekzèse pwofesyon lib yo, dat limit pou ranpli deklarasyon enpo sou revni nan menm tit ekzèsis 2021-2022 a, etann li soti 1ye oktòb 2022 pou rive 31 janvye 2023. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan sans sa, 4 avi ki soti nan DGI te bay lòd pou kontribyab yo konfòme yo ak ranpli deklarasyon taks sou revni final la, deklarasyon ak pèyman dwa patant, ak chèk direksyon yo. 

DGI te tou mete aksan sou mezi avi referans UCRP/043 ki pote dat 3 janvye 2022 a, ki gen rapò ak itilizasyon chèk jesyon k ap sèvi kòm yon enstriman pou pèyman obligasyon fiskal yo.  

« Les chèques de direction, sous peine d’être non-recevables, doivent toujours être accompagnés de l’ordre d’émission ou du formulaire d’achat délivré par la banque émettrice ; le formulaire d’achat ou l’ordre d’émission doit indiquer les détails relatifs à la transaction, au donneur d’ordre et au bénéficiaire ; tout contribuable émettant un chèque de direction libellé au nom de la DGI pour le compte du Trésor public doit inscrire son nom ou sa raison sociale à la rubrique  « mémo » réservée à cet effet », nou ka li nan youn nan avi sila yo.  

Konsènan kontribyab ki soumèt ak akonplisman fòmalite yo ki gen rapò ak dwa patant lan, DGI raple tout moun yo gen jiska 15 desanm 2022 pou yo deklare epi peye dwa yo san penalite, nan tit ane fiskal 2022-2023 la. 

Yon lòt kote enstitisyon an fè konnen antrepriz ki nan domèn radyo difizyon yo gen 1ye oktòb pou rive 15 desanm pou yo deklare ak peye san pyès penalite, dwa patant yo pou ekzèsis 2022-2023 a. 

Direksyon Jeneral Enpo (DGI) enfòme piblik la li pran desizyon sila, ak tit eksepsyonèl, pou l akòde yon soulajman nan fòmalite administratif yo ki gen rapò ak obligasyon fiskal ki jeneralman asosye ak deklarasyon epi pèyman dwa patant lan nan sousi pou akonpanye kontribyab yo nan konjonkti aktyèl la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.