DIE anonse yon nouvo dispozisyon pou yon moun fè demann paspò

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
die anonse yon nouvo dispozisyon pou yon moun fè demann paspò

Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon atravè yon nòt, anonse ayè samdi 28 janvye a yon  nouvo dispozisyon  pou resepsyon aplikasyon paspò yo nan lòd pou evite anbouteyaj nan biwo yo, sitou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Depi aprè anons pwogram imanitè Biden nan, devan biwo imigrasyon yo chaje kou legba, moun ap kouri monte, kouri desann pou fè demann paspò oubyen demann renouvèlman. Nan sans sa a, Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE), presize nan yon nòt, se pa tout moun k ap gen pou fè demann yo yon sèl kou kounye a[…] Tout manm PNH la, ansanm ak fanmi yo, dwe ranpli aplikasyon paspò yo sèlman nan lokal UDMO ki sou chann mas la, yo fè konnen tou y ap resevwa ajans vwayaj yo nan biwo DIE a, ki nan lokal Sonapi a.
Nan nòt sa a, DIE bay anplwaye MICT yo dwa pou yo patwone pou pi piti 3 aplikan pou aplikasyon paspò yo, men se sèlman chak samdi y ap resevwa yo, soti 8è AM jiska 3è PM.
Toutfwa, kèk anèks, tankou sa ki sou wout Dèlma, Taba, Petyonvil, ri Romen ak ri Lama, pral adopte yon lòt metòd pou resevwa aplikasyon paspò yo ;
1) Fanm ki gen plis pase 18 lane ak moun ki gen 2 sèks ki gen plis pase 65 lane ap ka vin fè demann lendi, Mèkredi ak vandredi.
2) Jou ki rezève sèlman pou gason ki gen laj 18 jiska 64 lane yo se madi ak jedi. Toujou nan nòt la, moun ki andikape yo pa gen yon dat fiks pou yo fè demann yo,  yo kapab vini soti lendi pou rive vandredi san pwoblèm.
3) Samdi,  se sèlman timoun ki anba laj 18 lane k ap kapab vin nan randevou, men yo dwe akonpanye ak paran yo oubyen ajan ki responsab nan dosye yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.