Depi 2014 jiska jodi a, se 380 migran ayisyen ki mouri nan lanmè, daprè Nasyonzini

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
depi 2014 jiska jodi a, se 380 migran ayisyen ki mouri nan lanmè, daprè nasyonzini

Òganizasyon Nasyonzini (ONU), nan yon rapò li drese sou zafè migrasyon klandesten, fè konnen sòti depi 2014 pou rive jouk jounen jodi a, se 685 migran ki peri nan lanmè, pami yo 380 Ayisyen ak 305 Kiben, pandan y ap tante antre Etazini.

Nan yon atik ki pibliye nan jounal ameriken Miami Herald, ONU drese bilan sila a atravè yon pwojè sou migran ki disparèt oubyen mouri  nan rejyon Karayib la, sòti 2014 pou rive jouk jounen jodi a. Tout migran klandesten sa yo mouri nan lanmè Karayib yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pwojè sila te inisye nan Nasyonzini depi lane 2014 nan lide pou swiv resòtisan yo ki t ap tante antre Etazini yo. Pou travay sila rive posib, Òganizasyon an konbine sous ofisyèl li yo, temwanyaj fanmi ak repòtaj li fè tounen baz done li.

“Pafwa nan Karayib yo, divès ensidan nou rele « nofraj fantom » konn rive. Pèsonn, pa menm fanmi viktim yo oubyen medya, pa konnen sa ki konn pase”, daprè Edwin Viales, ki se asistan done ak rechèch pou pwojè ONU an.

“Ane pase, te genyen omwen 321 moun ki te disparèt pandan yo t ap tante sove kite peyi yo nan Karayib la. Pami yo gen 97 ki mouri”, daprè Nasyonzini, ki fè konnen se pi gwo nonm moun ki mouri nan lanmè yo resanse depi kòmansman pwojè sila. Yo klase chif sila yo nan pwojè “Migran ki disparèt yo”.

Nasyonzini deklare malgre risk ki genyen nan mòd vwayaj sila yo – pafwa ki konn fèt abò bato ki pa menm an eta, san konte yo konn pote yon kantite moun ki pa rekòmande –sa pa anpeche moun pran lanmè pou al chache lavi miyò lòt kote.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.