Randal Kolo Muani, jwè fransè ki pi desizif nan chanpyona ewopeyen yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
randal kolo muani, jwè fransè ki pi desizif nan chanpyona ewopeyen yo

Bitè fas Bayern Munich lan nan okazyon 18èm jounen Bundesliga a, Randal Kolo Muani enstale tèt li kòm jwè fransè ki pi desizif pou sezon an nan chanpyona ewopeyen moun plis gade yo avèk 7 gòl epi 10 pas desizif.

Entènasyonal fransè a k ap fè yon trè bon sezon depi rive l nan chanpyona alman an,pandan  vakans ki sot pase a, desizif yon lòt fwa ankò kote l make grenn gòl Eintracht Frankfurt lan jodi samdi an nan match nil an deplasman fas Bayern Munich lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Randal Kolo Muani devanse nan klasman sa atakan Paris Saint-Germain an, Kylian Mbappé, ki genyen nan Ligue 1 an 13 gòl ak 2 pas desizif, epi Karim Benzema k ap jwe nan Real Madrid ki deja reyalize pou sezon an 9 gòl ak yon pas.

Ansyen jwè FC Nantes lan ki sou premye sezon l avèk klèb alman an, domine klasman pasè desizif lan nan Bundesliga pou sezon sa avèk 10 pas pou 17 match jwe sou 18 jounen chanpyona.

Randal Kolo Muani ki deja pote koulè seleksyon Lafrans lan 5 fwa nan karyè l, te pami jwè Didier Deschamps te mennen nan dènye mondyal la kote yo ta pral pèdi nan final fas Ajantin nan seyans chout pennalite avèk sitou yon fas a fas rate nan dènye minit kont Emiliano Martinez.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.