Diplomasi | Repiblik dominikèn fè yon pase men nan pri viza ak lòt sèvis konsilè li yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
diplomasi repiblik dominikèn fè yon pase men nan pri viza ak lòt sèvis konsilè li yo

Ministè dominiken afè etranje (Mirex), nan yon anons ki fèt vandredi 10 novanm ki sot pase an, fè konnen gen yon pase men ki fèt nan pri diferan sèvis konsilè li yo nan peyi etranje.

Nan yon rezolisyon ki pote siyati chanselye dominiken an Roberto Álvarez, ministè dominiken afè etranje desann nan pri ki te fikse pou sèvis paspò, viza, sètifika ak plizyè lòt dokiman ankò, nan lide pou ofri yon pi bon eksperyans ak kominote dominikèn peyi etranje yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè rezolisyon Mirex lan, pri paspò dominiken an nan peyi etranje koute ant 90 a 200 dola ameriken, oubyen menm valè a nan lajan peyi kote benefisyè a fè demann lan. Varyete sou pri yo gen pou wè egalman ak dire validite dokiman yo epi peyi kote demann lan fèt lan.

Pou sèvis viza yo, pri yo pou kounya fikse ant 95 a 250 dola ameriken selon tip ak kategori viza yo.

Daprè ministè dominiken afè etranje an, nouvo mezi sa yo ak nouvo pri ki fikse yo vize soulaje moun k ap itilize diferan sèvis sa yo epi ranfòse transparans nan nivo konsila dominiken yo. Mirex ap toujou fè mizajou sou tarif sèvis konsilè yo depi genyen, selon sa ki di nan kominike an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.