Direksyon Bahamas pou Premye minis Ariel Henry

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
direksyon bahamas pou premye minis ariel henry
Premye minis ayisyen an, Doktè Ariel Henry, kite peyi a ayè madi 14 fevriye a, pou rann li Bahamas kote l pral gen pou patisipe depi jodi mèkredi a nan 44èm reyinyon chèf gouvènman CARICOM yo.
Nan yon kominike ki pibliye jodi mèkredi an, biwo kominikasyon Primati a fè konnen Premye minis lan kite peyi an pou al patisipe nan reyinyon sa k ap òganize avèk diferan chèf gouvènman kominote Karayib yo.
Nan tèt yon delegasyon ki konpoze prensipalman avèk Minis afè etranje a, Jean Victor Généus, epi Minis jistis ak sekirite piblik lan, Emmelie Prophète Milcé, chèf gouvènman an pral gen pou adrese l ak diferan dirijan nan rejyon an.
Pandan patisipasyon l nan reyinyon sa k ap demare jodi mèkredi an pou pran fen demen jedi 16 fevriye a, Minis ekonomi ak finans lan, Michel Patrick Boisvert, ap asire enterim lan pandan absans chèf gouvènman an, daprè kominike Primati an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.