Nan lide pou reyalize Kananal pou ane 2023 sa a, nan vil ki vle respekte evènman sa a, Gouvènman Premye minis Ariel Henry an te debouse plis pase 100 milyon goud pou òganizasyon kanaval la.
Vrèman vre, malgre pwoblèm ensekirite k ap ravaje peyi a depi kèk tan, mete sou enstabilite politik ki nan peyi a, gouvènman aktyèl la ki gen nan tèt li Premye Minis Ariel Henry, dekese plis pase 100 milyon goud pou kapab òganize evènman kiltirèl sa a nan peyi a.
Daprè kèk enfòmayson ki rive jwenn ekip redaksyon nou an, Pòtprens, Jakmèl, Okap ak Wanament se 4 vil sa yo ki resevwa pi gwo sòm kòb la, pou kapab òganize kanaval la nan yon sitiyasyon kote lavi chè ap vale teren, ensekirite ap ravaje moun san konte blakawout la kap fini ak popilasyon an.
Sepandan, selon kèk sous, pa gen kanaval nasyonal pou lane 2023 a, men nan lide pou gouvènman kapab pote èd li pou kek vil nan peyi a ki vle respekte fèt tradisyonèl sa a, li deside ba yo sibvansyon.
Li enpòtan pou nou raple, Doktè rezidan yo nan Lopital Inivèsite Leta d Ayiti, nan fen lane ki sot pase a, te fè grèv pou mande oksijèn ak kouran nan sant sante a, pandan yo te kontinye ap mande ogmantasyon salè yo akoz depresyasyon lajan nasyonal la kont dola ameriken an. Sepandan malgre tout revandikasyon yo fè, sitiyasyon an pa janm chanje.
Facebook Comments