Aprè evènman ayè mèkredi 25 janvye an kote pou pi piti 6 polisye mouri anba bal bandi nan Lyankou, Direksyon jeneral Lapolis la dekrete nivo eta alèt maksimal e konvoke tout polisye yo nan pòs afektasyon yo.
Nan yon nòt ki pibliye nan sware mèkredi 25 janvye an, Direksyon jeneral Lapolis la denonse lanmò polisye sa yo bandi nan Lyankou asasinen nan egzèsis fonksyon yo menm jounen mèkredi an.
Direksyon jeneral enstitisyon an ki gen nan tèt li Frantz Elbé pwofite lanse yon konvokasyon jeneral pou tout polisye nèt epi anonse depi jodi jedi a menm Lapolis la an mòd operasyon aprè dram sa ki rive nan depatman Latibonit lan.
Nan afwontman ak gwoup gang «Baz Gran Grif» nan Lyankou ayè mèkredi 25 janvye 2023 a, 6 polisye pèdi lavi yo sou plas ak yon lòt ki mouri sou kabann lopital jodi jedi a daprè dènye bilan ki pibliye sou dram sa.
N ap raple, sa gen anviwon yon semèn 4 polisye te deja mouri asasinen ak yon lòt ki disparèt nan Petyonvil aprè yon atak ame bandi ki nan baz Vitelòm, youn nan pi gwo chèf gang k ap opere nan rejyon metwopolitèn lan.
Facebook Comments