Manifestasyon kont kidnapin : yon elèv pran yon bal bò kou

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
manifestasyon kont kidnapin yon elèv pran yon bal bò kou
Ayè jedi 26 janvye a plizyè santèn elèv Lise Fritz Pierre Louis ak lòt lekòl ankò nan kapital la, te foule beton an pou manifeste kont kidnapin yon kolektif ki te fèt ayè jedi 26 janvye 2023 a touprè Lise a. Nan kad mobilizasyon sila a, yon elèv lekòl pran yon bal bò kou devan lokal « Collège Canado-Haïtien » an.
Lari a te konplètman anbarase ayè jedi a, yon bò polisye yo te met pye yo atè ak zam nan men ap defile sou moto pou denonse lanmò 6 frè jandam yo bandi imilye epi sasinen nan katye Lyankou, yon lòt bò plizyè santèn elèv lekòl te foule beton an pou pwoteste kont yon espektak kidnapin. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon jounal la, elèv la pran bal la devan lekòl Canado a. Pandan youn nan ajan sekirite lekòl la t ap pouse yo pou yo pa t rantre nan lokal lekòl la[…] Sekirite a tire nan sousi pou l kraze mouvman an, domaj youn nan elèv yo touche pa yon bal bò kou.
Nou te eseye rantre an kontak ak paran elèv lan, daprè deklarasyon yo doktè fè konnen eta sante li agrave, paske li pran bal la yon move kote, kèk kamarad ki te nan mouvman an ak li doute si l ap viv pou jan yo te wè l k ap soufri.
N ap raple, elèv lekòl yo te pran lari pou manifeste, aprè bandi ak zam te fin kidnape plizyè moun epi kèk anplwaye andedan Lise Fritz Pierre Louis a.

Facebook Comments

TAGGED: ,
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.