Direksyon Letoni pou Stevenson Jeudi

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
direksyon letoni pou stevenson jeudi (1)

Jèn atakan Violette AC, Stevenson Jeudi, kite peyi a jodi lendi 3 avril la an direksyon Letoni kote l pral gen pou siyen nan FK Auda Riga, yon klèb k ap evolye nan premye divizyon.

Stevenson Jeudi ki pa t prezan nan dènye match Lig dè Chanpyon Concacaf la avèk Violette AC an akoz transfè sa, finalman kite Ayiti pou kapab rejwenn nouvo klèb li nan chanpyona Letoni an.

Aprè posiblite ki te genyen pou l te debake nan MLS la, sitou aprè patisipasyon l nan eliminatwa U-20 ak seleksyon ayisyèn lan, Stevenson Jeudi finalman pran direksyon kontinan ewopeyen an, nan peyi Letoni.

Ansyen atakan “America des Cayes” la pral rejwenn FK Auda Riga nan Virsliga a, nan peyi Letoni, pou premye kontra pwofesyonèl li aprè plizyè eksperyans nan foutbòl ayisyen an avèk sitou AS Delmas epi Violette AC.

Klèb leton sa ki rantre jèn Grenadye an nan efektif li an, twouve l nan dezyèm pozisyon chanpyona premye divizyon Letoni an malgre defèt yo ayè dimanch 2 avril lan (0-4) kont Valmiera.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.