Direktris depatmantal Nòdès Ministè Anviwònman an remèt demisyon l 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
direktris depatmantal nòdès ministè anviwònman an remèt demisyon l 

Nan yon korespondans ki pote dat mèkredi 23 novanm 2022 a, Wideline Pierre, ki se se Direktris depatmantal Nòdès Ministè Anviwònman an (DDNE-ME), remèt demisyon l bay minis James Cadet. Li enfòme li pran desizyon sila akòz divès nouvo angajman sitwayen li pran nan lit sosyal ak politik pou amelyore sosyete ayisyèn nan. 

« Monsieur le Ministre James Cadet. Par la présente correspondance, je vous présente ma démission du poste de Directrice que jexerce depuis le 3 juin 2022 au sein de la Direction Départementale du Nord-est du Ministère de l’Environnement. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

En effet, je souhaite quitter mes fonctions de Directrice Départementale du Ministère de l’Environnement à cause de mes nouveaux engagements citoyens dans la lutte sociale et politique devant conduire à l’amélioration de notre société. Interpellée par les défis sociaux aigus d’une communauté en agonie, d’une part; ne voulant pas transgresser le devoir de réserve qu’impose ma fonction dans l’éventualité d’un conflit d’intérêt, d’autre part; je vous remets donc ma démission. » : se sa nou rive li nan yon ekstrè lèt ki rive jwenn redaksyon nou. 

Madam Wideline Pierre mande minis Anviwònman an, James Cadet, pou kenbe l enfòme sou aseptasyon demisyon sila pandan tout dire preyavi atik 197.1 Dekrè 17 me 2005 la, ki revize estati jeneral sèvis piblik la, fikse. 

N ap raple, Direktris depatmantal Nòdès Ministè Anviwònman an, ki demisyonè pou kounya, lanse l depi kèk tan nan yon batay pou denonse move tretman Ayisyen yo ap sibi an Repiblik dominikèn depi kèk tan.  

Li se youn nan moun ki sipòte mouvman bloke fwontyè a nan nivo Wanament, kote plizyè sitwayen nan sosyete sivil la te pran inisyativ pou soude baryè ki separe 2 teritwa yo epi pentire koulè drapo a: ble e wouj.  

Responsab la remèt demisyon l aprè plizyè moun, ki jwenn sipò Polifront, k ap veye fwontyè ayisyen an, te louvri baryè a pa fòs pou komès ant 2 peyi yo te kapab reprann. 

Pandan fè yo, lapolis te menm rive tire ak bal reyèl epi blese yon moun ki t ap manifeste kont desizyon sila. An siy mekontantman, pwotestatè yo te simaye ak kout wòch ajan Polifront yo. Jiska dimanch swa sitiyasyon an te frajil anpil nan zòn Wanament. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.