Dominiken yo pral kapab vwayaje an Ewòp san viza apati 2025

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
dominiken yo pral kapab vwayaje an ewòp san viza apati 2025

Daprè direktè Direksyon Paspò nan peyi Repiblik Dominikèn, Digna Reynoso, Dominiken yo pral kapab vwayaj nan kontinan Ewòp la san yo pa bezwen viza. daprè sa direktè a rapòte, dominiken sa yo ap sèlman bezwen paspò elektwonik la ki pou pèmèt yo fè sa.

Daprè sa otorite peyi vwazen an fè konnen, yo deja fè yon ti chita pale sou kèk pwopozisyon pou rive jwenn yon akò ak peyi Ewopeyen yo, kote dominiken pap bezwen viza pou antre oswa vwayaje nan yon peyi ki nan kontinan Ewòp la a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Avan 2025, Repiblik Dominikèn ap deja gen paspò elektwonik li, epi Dominiken yo pral benefisye akò sa a, pou yo antre an Ewòp san viza peyi sa yo, epi sonje viza an Ewòp se 3 mwa viza Schengen, » te eksplike direktè Direksyon Paspò nan Repiblik Dominikèn, Digna Reynoso.

Paspò elektwonik la se yon evolisyon nan paspò a, lekti mekanik ak yon eleman adisyonèl ki se pis la (puce en français), ki pèmèt yon pi gwo sekirite, santralizasyon enfòmasyon, sekirite ak kontwòl enfòmasyon, konfòmite ak règleman ICAO, ladrès nan pwosesis migrasyon ak validasyon nan anprent dwèt moun ki gen dokiman an ak detantè yo te bay paspò a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.