Se nan yon kontèks difisil, Don Bosco FC, youn nan pi gwo klèb nan foutbòl ayisyen an ap selebre 60 lane egzistans li. Nan lane 1963, reveran Pè Jacques Djebels ta pral gen lide fonde klèb Don Bosco a, ki gen syèj li nan komin Petyonvil. Jodi 31 janvye a, klèb jòn ak nwa a ap selebre 60 lane li nan foutbòl ayisyen an, yon klèb ki ekri anpil bèl paj nan foutbòl ayisyen an.
Nan lane 1963, reveran Pè Jacques Djebels ta pral pote yon vizyon pou bay Petyonvil plizye enstitisyon pami yo Don Bosco FC. 60 lane kote anpil gran jwè mouye mayo jòn-nwa sa a ak fyète epi ranpòte anpil tit ak li.
Anpil gran jwè tankou Emmanuel Sanon ki te patisipe nan Mondyal 1974 la ak Ayiti te pote koulè Don Bosco FC a, Jean Philippe Peguero, Pierre Richard Bruny pou n site sa yo sèlman.
Don Bosco FC ekri yon paj nan istwa foutbòl ayisyen an, klèb Petyonvil la se yon senbòl fyète pou plizye jenerasyon. Nan lane 1971 yo te pran chanpyona nasyonal la. Aprè anpil ane san tit, jenerasyon 2003 a ta pral pran chanpyona a nan seri ouvèti a epi 2014 se ta pral kloti a. Nan lane 2015, yo te pran chanpyona nan seri ouvèti a epi 2018 yo te pran seri kloti a.
Soti 31 janvye 1963 pou rive 31 janvye 2023, Don Bosco FC kontinye ap fè rezistans. Se vre foutbòl nasyonal la ap pran kou depi kèk lane nan peyi Dayiti. Men dirijan klèb la ak tout fanatik li yo kwè Don Bosco FC ap kontinye pote rèv anpil jèn gason ak jèn fanm ki gen rèv pou yo ekri istwa foutbòl la nan peyi a.
Facebook Comments