Avan 2 match Ayiti na Lig Nasyon yo pou CONCACAF la, yè vandredi a, antrenè seleksyon nasyonal la, Jean Jacques Pierre soti lis 23 jwè kap nan rasanbleman avan 23 mas kap vini la. Yon lis ak Duckens Nazon epi san Johny Placide ki blese.
Jean Jacques Pierre soti yon lis 23 jwè pou 2 rankont Ayiti ap gen pou l jwe nan Lig Nasyon yo nan sa ki gen pou wè ak CONCACAF. 2 match sa yo kapab ede Granadye yo ki te Lig B a, paske yo gen 10 pwen sou 12, yon viktwa selman ap kapab fè yon rejwen Lig A, sa ki kapab bay Ayiti yon plas pou Gold Cup kap vini an.
Teknisyen ayisyen an ki vle monte nan Lig A, rele mèyè eleman li yo, tankou Nazon ki anfom denyè tan sa yo ak klèb li, Ricardo Adé, Carlens Arcus, Pierrot pou n site sa yo sèlman. Jwè KAS Eupen nan peyi Belgique, Garissone Innocent, nan lis sa pou premye fwa.
Men lis 23 grenadye yo pou mwa kap vini an
Alexandre Pierre (RC Strasbourg)
Josué Duverger (Santarem)
Garissone Innocent (KAS Eupen)
Defansè
Ricardo Adé (LDU Quito)
Carlens Arcus (Vitesse)
Alex Christian (FC Telavi)
Andrew Jean-Baptiste (Valour FC)
Martin Experience (SC Cholet)
Steven Seance (CS Sedan)
Djimy-Bend Alexis (Hapoel Petah-Tikva FC)
Mitan teren yo
Bryan Alceus (Olympiakos Nicosia)
Léverton Pierre (US Dunkerque)
Carl-Fred Sainthe (FC Dallas)
Danley Jean-Jacques (FC Metz)
Derrick Etienne (Atlanta United)
Simonsen Jeppe (Podbeskidzie)
Atakan
Carnejy Antoine (Hapoel Haifa)
Pierrot Frantzdy (Maccabi Haifa)
Duckens Nazon (CSKA Sofia)
Mondy Prunier (FC Versailles)
Dany Jean (RC Strasbourg)
Donald Guerrier (FC Zira FK)
Christopher Fredler (RC Strasbourg)
Facebook Comments