EDH bay rezon ki lakoz blakawout nan peyi a dènye tan sa yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
edh bay rezon ki lakoz blakawout nan peyi a dènye tan sa yo
Direksyon Elektrisite peyi  Dayiti nan yon nòt ki pote dat 30 janvye 2023, bay eksplikasyon sou prensipal rezon ki lakoz gen yon ralanti nan kantite tan kouran ki bay nan diferan rejyon nan peyi a dènye tan sa yo.
Daprè EDH, lapli ki pa prèske tonbe nan peyi a depi kèk tan se youn nan rezon ki lakoz pwodiksyon kouran an bese sou teritwa nasyonal la avèk nivo dlo a nan lak Pelig la k ap pèdi anviwon 25 santimèt chak jou akoz sezon sèk la.
« Gwo kriz gaz la, mete sou zak briganday bandi ak zam ap komèt nan zòn metwopolitèn lan anpeche teknisyen EDH yo fè travay yo kòmsadwa», sa nou kapab li nan nòt sa ki pibliye sou kont ofisyèl antrepriz lan.
Elektrisite Dayiti fè konnen egalman, gwo pwoblèm teknik ki mande gwo envestisman y ap fè fas avè nan antrepriz lan kontribiye nan bès sa ki genyen nan pwodiksyon kouran an sou teritwa nasyonal la.
« Annatandan peryòd lapli a tounen ak bon jan solisyon ak kriz nasyonal sa peyi a ap konfwonte a, ki pa epanye sektè enèji a, Direksyon jeneral EDH ap mete sou pye yon estrateji pou l bay tout moun yon minimòm kouran ki disponib, yon fason pou tout moun ka jwenn ladan l», rapouswiv nòt la.
Elektrisite Dayiti renouvle detèminasyon l pou l kontinye jwenn repons fas ak moman difisil sa antrepriz la ap fè fas depi kèk tan kote prèske tout teritwa nasyonal la kanpe an mòd blakawout, prensipalman rejyon metwopolitèn lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.