Categories: AN KREYÒL SEXUALITÉ

Edikasyon seksyèl pa inisyasyon seksyèl

Share

Pale sou seksyalite se yon sijè tabou nan tout sosyete. Anpil moun rete kwè pale seksyalite ak yon timoun oubyen yon adolesan  se montre l kijan pou fè sèks oubyen tou mete l nan lavi lèzòm. Pou devlopman sikolojik ak sosyal ti jèn fi a ou ti jèn bray la, li enpòtan anpil pou paran ak pwofesè lekòl yo eksplike a klè, kisa edikasyon seksyèl la ye. Yo dwe bay timoun yo bon jan  leson e aprann yo kijan yo dwe abòde sijè a, sitou lè  y ap sòti nan pibète yo pou ale nan adolesans yo. Fè edikasyon seksyèl yon timoun se prepare l pou yon demen miyò. Li enpòtan pou moun yo pa konfonn edikasyon seksyèl ak inisyasyon seksyèl.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Pou yon adolesan ka byen sou brezeng li, li enpòtan anpil pou edikasyon seksyèl li fèt depi lè l piti, konsa li ap gen plis posibilite pou li adapte l nan sa ki gen pou wè ak inisyasyon seksyèl li. Sa ki vle di, se yon nesesite pou paran ak edikatè yo ede jèn yo nan tou de nivo sa yo, konsa y ap jwenn bon jan ekilib pou yo viv ak tèt yo e ak lòt moun.  

Kisa edikasyon seksyèl la ye?  

Aprann yon jèn kijan pou l konnen chak pati nan kò l e kijan l dwe respekte kò l, se deja yon pwen pozitif nan sa ki gen pou wè ak edikasyon seksyèl li, anplis li enpòtan pou yo konn kijan kò yo ap devlope e ki chanjman ki ka fèt nan kò yo pandan y ap grandi.  

Edikasyon seksyèl la se konesans jèn nan rive genyen nan relasyon l ak tèt li epi kò li. E konn kijan li dwe respekte kò lòt. Edike yon adolesan sou tèm sa se pèmèt li pa tonbe nan fè pitit bonè, pou pa pran vye maladi nan fè bagay.  

Kidonk se devwa yon paran, yon anseyan e menn yon edikatè pou yo pran yon ti tan pou edike adolesan yo sou pwen sa, yo souvan neglije.   

Kisa inisyasyon seksyèl la ye li menn ? 

Jodi a li pi fasil pou yon jèn inisye l nan sa ki gen pou wè ak sèks, internet la bay anpil posibilite, epi anpil jèn ki gentan nan laj 15-17 lane genyen yon telefòn entèlijan. Ki donk adolesan yo inisye yo nan fè sèks nan gade pòno ak yon seri film ak videyo k ap fè pwomosyon pou sèks, ki pa yon bon ekzamp pou yo.  

Anpil fwa, paran yo entèdi adolesan yo gen premye relasyon seksyèl yo, yo estime fè bagay se yon bagay ki sal, ki pa gen anyen serye. Men li tap pi bon pou paran yo, anseyan ak edikatè yo pale ak timoun yo eksplike ki risk ak danje ki gen nan fè  bagay e ki plezi yo kapab jwenn tou. E menn montre yo enpòtans grenn kontrasepsyon ak itilizasyon yon kapòt.  

Edikasyon seksyèl ak inisyasyon seksyèl enpòtan anpil pou devlopman sikolojik ak sosyal yon timoun, li enpòtan anpil pou yon paran mete pitit li chita e esplike l kèk bagay sou fenomèn sa yo. Konsa anpil adolesan ap ka metrize yo pi byen e fè pi bon chwa nan vi l. 

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by