Ekip « Stanley And Friends » lan deside anile 5yèm edisyon Afiche w la

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
ekip stanley and friends lan deside anile 5yèm edisyon afiche w la
Aprè plis pase yon mwa te fin anonse rantre atis Nijeryen an Bayanni an Ayiti pou 5yèm edisyon Afiche w la 17 fevriye 2023, estaf Stanley And Friends » lan anonse aktivite a anile pou rezon sekirite a ki pa garanti bò kote otèl la.
Se nan yon entèvyou ekip redaksyon NetAlKole a te gen ak li, Stanley anonse mesaj la, ekip lan ki te sanse finalize tout antant ak atis etranje yo tankou Oso City, Bayanni ansanm ak atis lokal yo tankou Tony Mix, Michaël Marabou, BMix, Afriken, PDous pou n site sa yo sèlman… Aktivite a ki te dwe fèt nan lokal otèl El Rancho a, 17 fevriye 2023 a, pa p posib.
« Pou rezon sekirite nou deside anile 5yèm edisyon Afiche w la » te fè konnen lidè pwodiksyon an Stanley, pandan li fè konnen, se responsab yo nan otèl la ki konseye yo sa lè yo konsidere mezi sekirite a ki menase.
Li enpòtan pou n raple, se pa premye aktivite ekip Stanley And Friends ki anile, ane pase yo te fin konkli pou rantre an Ayiti atis Nijeryen an anpil moun konnen sou non CKay, akòz divès menas yo t ap sibi tout bagay te kanpe. Pou ane sa a kontèks la diferan, se akòz mezi sekirite a ki pa garanti bò kote otèl la ki ta lakòz 5yèm edisyon an pa p posib ane sa a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.