Jodi vandredi a, FIFA bay lis 3 jwè ki te briye pou sezon 2022 a. Messi ki sot chanpyon Mondyal 2022 a ak Ajantin, Mbappé ki te fini meyè bitè Mondyal la, Karim Bezema ki te pran Champions League la ak Real Madrid, epi ki tap pral Balon dò 2022 a, konplete lis pou trofe FIFA “the Best” la.
FIFA bay lis 3 jwè ki kapab pran trofe FIFA “the Best” la 27 fevrye 2023 nan vil Zurich. 3 jwè sa yo se Messi, Mbappé ak Benzema, se 3 nomine pou pri meyè jwè ane sezon 2022 a.
Messi ak Mbappé se 2 jwè PSG, ki te kontre bab pou bab nan final Mondyal 2022 a nan peyi Kata, yon final Ajanten an te rive genyen aprè Fransè a tè fin fè 3 gòl. Messi fini meyè jwè konpetisyon an epi Mbappé fini meyè bitè ak 8 gòl devan Pulga a ak (7 gòl ). Benzema ki te rate Mondyal 2022 a akòz li te blese nan lis sa, aprè li fin reyalize yon sezon plen ak Real Madrid epi fini Bolon dò.
Bò kote medam yo, 3 monime yo se Alexia Putellas (espanyòl), ki te pran dènye edisyon an, Beth Mead (anglèz) epi Alexis Morgan (amerikèn).
Se nan vil Zurich ki se sièj FIFA, seremoni an ap dewoule, 27 fevriye k ap vini la. Konsa, tout fanatik foutbòl yo ap konn kiyès k ap vin loreya. Yon jiri ki konpoze ak seleksyonè epi kapitèn chak ekip nasyonal yo, gason ak fanm yo, jounalis yo ak entènot yo ap kapab vote pou bay loreya a.