Aprè anpil jounal nan peyi Brezil ak loy kote te fè konnen konfederasyon foutbòl Brezil la te jwenn akò C. Ancelotti pou vin antrenè seleksyon Brezil. Jodi samedi a, konfederasyon an fè konnen enfòmasyon sa yo se manti sou sit li ak rezo sosyal yo.
Daprè konfederasyon foutbòl brezilyen an, pa gen okenn akò ak antrenè Real Madrid la vre, kòm kwa li se antrenè kap vin ranplase Tite nan tèt selesyon an, se yon nouvèl ki pa baze sou anyen.
« CBF la ap enfòme, nouvèl ki ta fè kwè yè vandredi a, antrenè Real Madrid la, Italyen C.Ancelloti, se nouvo antrenè ekip nasyonal Brezil la pa gen okenn fondman » se sa konfederasyon mete sou sit li.
Kominike a al pi lwen pou l fè konnen:
« Prezidan Ednaldo Rodrigues aprè deklarasyon li te fè mèkredi, aprè tiraj pou match Koup Brezil la, kote l te fè konnen y ap etidye posibilite pou gen yon antrenè nan tèt seleksyon an. Pa lontan tout moun ap konnen nouvo antrenè ekip nasyonal la. » Se sa ki ekri sou sit konfederasyon an.
Brezil ki gen anpil difikilte pou l jwenn yon antrenè aprè desepsyon yo nan Mondyal 2022 a ak Tite.
Facebook Comments