Ayiti-Aktyalite : Moïse Jean Charles mande tout opozisyon an fè yon sèl pou voye prezidan Jovenel Moïse ale 7 fevriye 2021

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Nan konferans pou laprès li te bay jodi mèkredi 9 desanm nan, lidè platfòm pitit Desalin nan Moïse Jean Charles mande pou tout manm nan opozisyon an fè yon sèl pou yo ka voye Jovenel ale jou kap 7 fevriye 2021 an.

Nap raple pou nou opozisyon an divize depi kèk tan e menm moun yo pa ka reyini lè manifestasyon, dènye manifestasyon yo te anonse 18 novanm nan sektè demokratik la ak Moïse Jean Charles te divize sou li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan ansyen senatè repiblik la ap mande pou tout opozisyon an fon sèl, sa pa gen anpil jou depi kèk manm ladanl te di nan mikwo radyo ke yo pare pou yo dyaloge ak Jovenel Moïse pou jwenn yon antant.

Kredi Foto : Loop Haïti

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article