Ensekirite a pote ale pou pi piti 2760 moun sèlman nan rejyon metwopolitèn lan

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ensekirite a pote ale pou pi piti 2760 moun sèlman nan rejyon metwopolitèn lan
Avèk fenomèn ensekirite a, fanmi yo pa sispann konte kadav nan kat kwen peyi a. Sòti premye janvye pou rive 30 oktòb 2022, pou pi piti 2760 moun pèdi lavi yo nan sèlman zòn metwopolitèn lan daprè Antonal Mortimé, youn nan responsab òganizasyon dwa moun Kolektif defansè plis.
Defansè dwa moun lan presize, jounen lendi 28 novanm lan, 75 % nan viktim yo mouri anba bal asasen epi rès 25 % an se viktim vyolans kolektif, oswa atak ak kouto. Yon chif ki pa konsidere moun ki al mouri sou kabann lopital yo aprè yo ta fin sibi atak oubyen blese, daprè Kolektif defansè plis.
Plizyè gwoup k ap defann dwa moun atire atansyon sosyete a sou ka vyolans yo ki pa sispann ogmante nan peyi a ak fason lavi vin pa vle di anyen jounen jodi a an Ayiti. Antonal Mortimé regrèt jounen jodi a nan peyi a kadav nan lari pa di pyès moun anyen.
Daprè responsab Kolektif defansè plis la, an Ayiti alèkile, sa ki ta dwe konsidere kòm trajik vini kòm yon bagay nòmal nan peyi a.
Yon lòt bò, òganizasyon k ap defann dwa moun CJILAP, fè konnen yo resanse pou pi piti 863 moun ki mouri sòti janvye pou rive novanm 2022 kote 792 ladan yo tonbe anba bal. Pami moun sa yo ki viktim lan, estrikti sa konte 83 fanm, 11 timoun ak 38 polisye.
Toutfwa, Jocelyne Colas, Direktris nasyonal CJILAP, admèt chif sa òganizasyon an pibliye an reprezante yon estimasyon trè pridan sou kantite moun ki pèdi lavi yo akoz ensekirite a k ap taye banda sou tout dis depatman anndan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.