Plis pase 30 % lekòl deja louvri pòt yo nan rantre tipa tipa MENFP a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
plis pase 30 % lekòl deja louvri pòt yo nan rantre tipa tipa menfp a
Prèske 2 mwa aprè dat ki te fikse pou rantre lekòl yo sou teritwa nasyonal la, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl anrejistre 35 % etablisman eskolè ki deja louvri pòt yo pou akeyi elèv.
Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, pataje sou rezo sosyal yo done sou rantre lekòl la ki ap reprann tipa tipa. Sòti 7 pou rive 28 novanm, MENFP anrejistre yon ogmantasyon anviwon 30 % etablisman eskolè ki kòmanse fonksyone pou ane akademik 2022-2023 a.
Nan dat 7 novanm ki sot pase a, MENFP te konte sèlman 7 % lekòl ki te louvri pòt yo sou tout 10 depatman peyi a. Twa semèn aprè, kantite lekòl k ap fonksyone yo rive 35 %, sa ki se pi gwo pousantaj Ministè a anrejistre depi 3 oktòb ki te fikse pou rantre ane akademik 2022-2023 a.
Depatman Sid, malgre dega trebleman tè 14 dawout yo, vini an tèt nan rejyon kote pousantaj lekòl ki rekòmanse fonksyone yo pi wo. Avèk 73 % etablisman ki relouvri, depatman Sid la fini devan depatman Sant ki okipe dezyèm plas la ak 63 % lekòl k ap fonksyone, daprè tablo estatik Ministè a rann piblik.
Daprè tablo sa, depatman Nò ak Nòdès fini nan ke kamyonèt la kòm zòn kote pousantaj lekòl ki relouvri yo pi ba. Daprè MENFP, de depatman sa yo genyen respektivman 136 ak 37 lekòl ki kòmanse fonksyone.
N ap mansyone, an tèm kantite, depatman lwès la se kote ki gen plis lekòl ki louvri, 1958. Yon chif ki reprezante sèlman 31 % daprè Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.