Senegal ak Lawoland kalifye pou dezyèm tou Mondyal la 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
senegal ak lawoland kalifye pou dezyèm tou mondyal la 

Match yo fin jwe nan Gwoup A Mondyal FIFA Kata 2022 a, jounen 29 Novanm nan. Senegal bat Ekwatè (2-1) pou l valide biyè l pou uityèm final e Lawoland fè menm jan an lè l bat Kata (2-0). 

Finalman, nou konn ki 2 ekip ki kalifye pou y al jwe uityèm final pandan yo soti nan Gwoup A Koupdimonn Kata 2022. Senegal, jwenn kalifikasyon l aprè viktwa sou Ekwatè e Lawoland konfime kalifikasyon l devan peyi òganizatè a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lawoland fini premye nan gwoup sa ak 7 pwen. Pou dènye match gwoup la, li fè Kata tonbe (2-0). Se Cody Gakpo ki te louvri eskò a pou Olandè yo epi Frenkie de Jong ta pral jwenn gòl kawo a pou yo. Pou 3 match gwoup, Peyiba bat 2 match epi fè yon match nil. 

Senegal te vrèman bezwen yon viktwa pou l rache biyè sa nan men Ekwatè, l al chèche e li jwenn li. Ismaïla Sarr te bay Lyon Téranga yo avantaj la sou penal (43′). Nan dezyèm mitan, Caicedo t egalize pou Ekwatè avan Kalidou Koulibaly fè gòl viktwa a pou Senegal. 

Senegal fini dezyèm nan Gwoup A dèyè do Peyiba, avèk 6 pwen. Jwè Aliou Cissé yo te pèdi premye match men yo rive ranvèse sitiyasyon an lè yo bat 2 match ki te rete yo. Se premye peyi Afriken ki kalifye pou dezyèm tou a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.