Nan kad dispozisyon ki pran bò kote otorite Lapolis yo nan okazyon jounen manifestasyon ki anonse pou jounen mèkredi 7 septanm lan, li entèdi ak manifestan yo pou rantre nan sant vil Petyonvil la.
Nan yon nòt ki sòti nan dat 6 septanm 2022 an, Direksyon depatmantal Lapolis lwès-1 mande ak tout ajan ki pral responsab pou asire sekirite manifestasyon jounen mekrèdi 7 septanm lan pou pran tout dispozisyon pou anpeche manifestasyon an rantre nan sant vil Petyonvil.
Plizyè òganizasyon sosyal ak politik anonse jounen mekrèdi a y ap foule beton an pou al manifeste kont fenomèn ensekirite a k ap vale tèren, lavi chè a, ansanm ak to dola a ki pa sispann ogmante.
Nan nòt sa ki pote siyati komisè divizyonè Allande Serge Jolicoeur ki se direktè depatmantal Lapolis lwès-1 an, mande egalman pou gen mezi ki pran pou bloke tout wout ki mennen nan rezidans ofisyèl Premye minis lan ki nan Musseau.
Yon seri dispozisyon ki pran prensipalman aprè anpil siwtayen ak estrikti sosyopolitik pa sispann lonje dwèt sou enstitisyon finansye yo ki ta responsab monte to dola a. Nan depatman nò peyi an, semèn ki sot pase a, anpil menas te fèt kont Bank yo si toutfwa dola a pa ta fikse pi ba 100 goud.
Facebook Comments