Aktivite komèsyal yo ak transpò piblik yo te kòmanse paralize depi byen bonè maten 7 septanm 2022 a nan plizyè rakwen nan komin Delmas toujou nan okazyon yon nouvo jounen mobilizasyon ak manifestasyon kont kriz gaz la epi pri a ki egzajere mete sou ensekirite a. Pwotestatè yo egzije demisyon Premye Minis Ariel Henry ak gouvènman li a, selon sa yo di ki pap regle anyen nan tèt peyi a. Konpayi komèsyal yo te blije fèmen pòt yo, sikilasyon an te blije ralanti tou pou lèse espas la ak mobilizatè yo.
Nou te konstye nan kafou ayewopò a, yon bon kantite sitwayen ki te rasanble ki tap pike pou al rejwenn lòt gwoup yo. Nan plizyè rakwen nan komin nan, manifestan yo te monte barikad epi boule kawotchou.
Mesye dam yo move kou kong fas ak gouvènman an jodi a, yo akize premye minis aktyèl la kòm responsab kriz gaz la ki dire tout tan sa a.
Manifestasyon jodi a pa san konsekans pou sektè komèsyal la ansanm ak transpò piblik la, plizyè daprè konklizyon yon jounalis Nèt Al Kole Média ki te depeche pou al kouvri mouvman an.
Presyon an pat piti, tout gwo antrepriz komèsyal nan komin nan blije fèmen pòt yo, ata bank yo, malgre mezi sekirite lapolis te anonse an favè yo.
Facebook Comments