Erling Haaland ap rate match chòk pou tit Premier League la fas Arsenal

Gabriel Emmanuel
Par
Gabriel Emmanuel
Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive
- Rédacteur
erling haaland ap rate match chòk pou tit premier league la fas arsenal 

Nan batay pou tit Premier League la, k ap mete Manchester City fas Arsenal nan Ethihad Stadium nan pou mèkredi. Pep Guardiola fè konnen Erling Haaland p ap ka prezan pou afwonte Gunners yo, akòz li te blese nan match fas Aston-villa aprè yon dyèl ak gadyen Emiliano Martinez.

Antrenè Manchester City a Pep Guardiola, anonse absans Erling Haaland pou match chòk nan Premier League la fas ekip Asernal. Yon batay pou tit la, paske Gunners yo gen 3 pwen an plis Citizens yo.

 » li pran yon gwo kou, li pa santi l byen, nou pa anvi pran okenn risk ak jwè a, n ap fè tès yo nan jou k ap vini yo. M espere l ap prè pou mèkredi, n ap gad sa nou ka fè », te deklare antrenè Citizens yo.

Rankont sa enpòtan pou tou 2 ekip yo, ki sou wout pou pran tit Premier League la. Absans bitè Novèjyen an ap peze anpil pou Manchester City pou rankont sa, mèkredi.

- Advertisement -
Ad image

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive