Esaue César mande DCPJ repòte dat envitasyon li an

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
esaue césar mande dcpj repòte dat envitasyon li an
Atravè yon korespondans ki pote dat 8 fevriye 2023, kabinè k ap reprezante animatè Esaue César lan mande Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) pou repòte envitasyon yo te voye ba li pou jodi vandredi an.
Nan korespondans sa ki adrese prensipalman ak responsab DCPJ an, Frédéric Leconte, kabinè k ap reprezante animatè emisyon « Matin Débat » a mande repòte envitasyon an pou yon lòt dat k ap aprè 19 fevriye 2023.
Daprè kabinè a, Esaue César pa nan peyi a depi kòmansman mwa a, nan yon ale vini ant Kanada ak Repiblik Dominikèn pou rezon familyal ak pwofesyonèl, epi li ta dwe retounen nan peyi a apati 18 fevriye k ap vini la.
Toutfwa, nan korespondans sa, kabinè k ap reprezante animatè emisyon sosyopolitik « Matin Débat » a eksprime regrè yo genyen fas ak korespondans sa DCPJ te adrese ak kliyan yo an kote pa t gen okenn mansyon sou motif envitasyon sa.

Facebook Comments

Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.