Ancelloti, Scaloni, Guardiola, 3 nomine pou meyè antrenè sezon 2022 a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
ancelloti, scaloni, guardiola, 3 nomine pou meyè antrenè sezon 2022 a

Seremoni FIFA Best la ap fèt 27 fevriye k ap vini la, FIFA soti lis 3 antrenè ki kapab vin swiv Thomas Tuchel, ki te pran trofe sa pou sezon 2021 an, lè l te nan tèt ekip Chelsea a. Carlo Ancelotti, Lionel Scaloni ak Pep Guardiola se 3 antrenè ki nan lis pou genyen pri meyè antrenè pou ane 2022 a. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

The Best Football Awards bay lis 3 antrenè pou tit FIFA Best antrenè pou ane 2022 a. Italyen an ki ap antrene Real Madrid, seleksyonè ajanten an epi espanyòl la ki nan tèt ekip Manchester City a. Se 3 nomine pou pri meyè a.

Ancelloti ki te fè yon gwo sezon  ak ekip Real Madrid la, kote l te pran Champions League la, Liga, Super Koup  Ewòp ak Espay pou sezon 2022 a.

Lionel Scaloni ki se antrenè ki sot make yon paj nan istwa peyi Ajantin, li te rive pran Mondyal 2022 a nan peyi Kata. Yon tit Albiseleste yo pat genyen depi 1986.

Pep Guardiola ki te pran Premier League la ak Manchester City nan lis la tou. Yon chwa ki fè gwo deba paske pèfòmans Skyblues yo nan Champions League la pa konvekan ase.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Youn nan 3 antrenè sa yo ap pran trofe sa nan seremoni FIFA Best la pou 27 fevriye k ap vini la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive