MENFP kondane atak ame sa nan Lyankou ki lakoz lanmò yon elèv 10 lane

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
menfp kondane atak ame sa nan lyankou ki lakoz lanmò yon elèv 10 lane
Nan yon kominike pou laprès ki pote dat 9 fevriye 2023, Ministè edikasyon nasyonal kondane atak sa nèg ak zam fè sou yon lekòl nan komin Lyankou ki lakoz yon elèv 10 lane pèdi lavi l pandan l te nan klas.
Alfred Fekens, yon elèv katriyèm ane fondamantal, pèdi lavi l madi ki sot pase a aprè l te fin resevwa yon bal pandan l te nan klas nan yon atak nèg ak zam sou yon lekòl nan lokalite Lyankou daprè enfòmasyon MENFP rann piblik.
Daprè nòt sa Ministè a mete deyò ayè jedi 9 fevriye a, ti lèzany 10 lane sa ki te resevwa yon bal pandan l te nan sal klas li, pèdi lavi l malerezman malgre tout jefò ki te fèt pou transpòte l lopital.
Ministè a ki di li kondane ak tout fòs li zak briganday ak atak sou lekòl ki fèt nan komin Lyankou an, raple « tout timoun gen dwa pou ale lekòl, aprann san kè sote e jwenn pwoteksyon tout sosyete a nan kèlkeswa sikonstans lan».
« Ministè a kondane zak sa a ki revòlte konsyans tout kominote edikatif la e renouvle apèl li bay tout sosyete a pou pwoteje lekòl, timoun yo, ak pèsonèl edikatif la», sa nou kapab li nan nòt sa ki pibliye sou diferan kont MENFP sou rezo sosyal yo.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.