Etazini afime “Angajman li anvè Ayiti”

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
etazini afime angajman li anvè ayiti
Fidèl ak abitid li, peyi Etazini pa t rate opòtinite pou salye Endepandans ayisyen an nan dat 1ye janvye 2023. Vrèmanvre, atravè Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken, Lèzetazini te afime angajman yo pran pou sipòte pèp ayisyen an.
“Nan non gouvènman Etazini an, mwen felisite pèp Ayiti an pandan l ap komemore istwa endepandans peyi a epi selebre kòmansman yon nouvo ane,”  te ekri Blinken nan yon nòt pou laprès anbasad Etazini ann Ayiti.
“Ayiti ap fè fas ak yon vwayaj difisil nan nouvo ane a, men Etazini kenbe fèm ak Ayiti pandan peyi a ap travay pou retabli sekirite, règ lalwa, enstitisyon demokratik ak jistis epi estabilite ekonomik,” se sa Sekretè Deta a te di.
Yon lòt bò Antony Blinken fè konnen peyi Etazini
te bay èd imanitè bay plizyè dizèn milye ayisyen ki  ap fè fas ak ensekirite alimantè ak kolera elatriye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.