Transfè: Dejan Lovren siyen yon kontra ak OL pou 2025

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
transfè dejan lovren siyen yon kontra ak ol pou 2025

Aprè pasaj jwè kwoat la nan ekip Lyon a nan lane 2010 ak 2013, kote l te jwe plis pase 100 match sou mayo OL lan. Jodi lendi a, klèb Lyon an anonse transfè Dajan Lovren pou jis 2025. Defansè kwoat la ki sot fè yon bon Mondyal pral jwe sou lòd Laurent blan epi pote eksperyans li ak lidèship li nan ekip sa.

Apre 9 ans, defansè kwoat la retounen nan ekip Lyon an, jwè 33 lane a angaje li pou yon kontra kap bout 2025. Yon ranfò pou Laurent Blanc ki pat sispann mande dirijan yo yon defansè solid, ki gen eksperyans pou mete lòd nan dezòd nan ban defans ekip Lyon an. Dejan Lovren kite ekip Zénit Saint-Petersbourg a pou l vin jwe pou Olympique lyonnais a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dekalrasyon jwè a aprè transfè a : 

” m santi m kontan anpil pou m retounen nan OL, se yon klèb ki te banm chans mwen pou m te vinn foutbolè entènasyonal, m pap jan n bliye sa. M gen anpil souvni ak klèb sa, anpil zanmitay, Prezidan Jean Michel Aulas se youn, li te toujou ede m. M te kite ekip la nan lane 2013 ak anpil regrè paske m te santi m pat akonpli devwa m. M ka montre ak tout moun ki jwè mwen ye kounya” se sa demi finalis mondyal 2022 a deklare sou sit ofisèl Gones yo.

Ekip Olympique Lyonnais a konte anpil sou defansè kwoat la, dirijan yo rete kwè se yon bon chwa ki kapab ede ekip la jwenn dimansyon pou l kalifye pou Lig champyon an sezon sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive