Justin Trudeau fè konnen peyi Kanada ap kontinye soutni pèp ayisyen an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
justin trudeau fè konnen peyi kanada ap kontinye soutni pèp ayisyen an
Nan okazyon selebrasyon 219èm ane endepandans peyi Dayiti an, Premye minis kanadyen an, Justin Trudeau, renouvle solidarite peyi Kanada avèk pèp ayisyen an ki nan yon demach pou twouve yon demen miyò.
Nan yon mesaj adrese ak pèp ayisyen an jounen premye janvye an, Justin Trudeau bay garanti peyi Kanada ap kontinye rete solid bò kote pèp ayisyen an k ap fè fas depi kèk tan ak yon kriz imanitè epi ensekirite an k ap taye banda sou prèske tout teritwa nasyonal la.
Premye minis kanadyen an fè konnen peyi li an ap kontinye soutni pèp ayisyen an atravè divès mezi y ap adopte ki vize amelyore kondisyon lavi fanmi ki pi vilnerab yo nan voye an Ayiti èd imanitè, ak lòt pou fè fas ak ensekirite an nan fasilite livrezon materyèl sekirite gouvènman ayisyen an te achte yo.
Justin Trudeau souliye bon rapò diplomatik ki egziste ant de peyi yo depi 1954 kote jounen jodia Ayiti ak Kanada se de patnè pwòch nan divès òganizasyon entènasyonal oubyen rejyonal tankou Fankofoni ak Nasyonzini kote y ap travay ansanm pou fè fas ak divès defi nan mond lan.
Chèf gouvènman kanadyen an fè konnen egalman, fas ak sitiyasyon ki gen an Ayiti an, y ap kontinye kolabore ak kominote entènasyonal la pou jwenn yon solisyon k ap sòti nan mitan Ayisyen yo epi soutni enstitisyon an Ayiti yo nan lide pou retabli estabilite nan peyi an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.