Etazini akize Lachin responsab balon espyon sa k ap vole sou teritwa yo an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
etazini akize lachin responsab balon espyon sa k ap vole sou teritwa yo an
Gouvènman ameriken an lonje dwèt sou Lachin aprè « Pentagone » te fin revele ayè jedi 2 fevriye a prezans yon balon espyon k ap vole sou teritwa Etazini an depi plizyè jou, prensipalman sou tèt kèk sit militè sansib.
Sitiyasyon tansyon sa ki egziste ant Lachin ak Etazini pandan dènye ane sa yo ogmante pandan dènye 48 è yo avèk prezans balon espyon sa k ap vole sou teritwa ameriken an depi plizyè jou kote otorite peyi Etazini yo akize Pékin kòm prensipal responsab aksyon sa.
Balon espyon sa k ap vole sou teritwa ameriken an nan yon wotè ki yon ti kras pi wo vòl komèsyal yo pwovoke gwo panik bò kote otorite ameriken yo, prensipalman sila yo ki nan kesyon defans. Fas ak sitiyasyon sa ki idantifye kòm yon menas, Pentagone te deja anvizaje detwui balon sa sou demann prezidan Biden.
Fas ak risk domaj kolateral ki kapab genyen nan ka otorite ameriken yo ta deside kraze depi anlè balon espyon sa k ap vole sou teritwa yo an, responsab yo pou kounya ap etidye lòt altènativ pou jwenn yon solisyon epi pwoteje entegrite teritwa ameriken an.
Lachin ki akize kòm prensipal responsab sitiyasyon sa ki idantifye kòm yon atak bò kote Washington, mande pou sispann mete dlo sou dife annatandan verifikasyon k ap fèt yo. Pou Pekin, akizasyon rapid sa yo pa p ede nan jwenn yon rezolisyon nan dosye sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.