Pwogram imanitè: imigrasyon ameriken an mande sitwayen 4 peyi ki kalifye yo pou yo veyatif

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Pwogram Biden: "Tretman dosye yo pran plis pase 90 jou", daprè Anbasad la

Sèvis Imigrasyon ameriken an mande tout moun ki vle benefisye Pwogram imanitè Prezidan ameriken an, Joe Biden te anonse 5 janvye 2023 a, pou yo fè gwo atansyon ak moun ki ap ofri yo sipò ki ka twonpe yo.

Ajan imigrasyon te dekouvri nan Ayewopò an Ayiti 2 sitwayen ki gen fo dokiman otorizasyon vwayaj nan men yo. Sitwayen sa yo t ap tante antre nan peyi Etazini nan kad pwogram imanitè a, men CBP di li pa rekonèt yo nan sistè m li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sepandan, 2 Sitwayen sa yo ki t ap ensiste te fè konnen, se yon moun yo peye ki ba yo dokiman sila a. Yon bagay ki parèt ilegal, piske otorite ameriken yo te deja anonse Pwogram imanitè a gratis.

Se sak fè, sèvis Imigrasyon ameriken an mande tout moun ki soti Ayiti, Kiba, Venezyela ak Nikaragwa ki vle benefisye pwogram imanitè sa a, pou yo pran anpil prekosyon, epi fè atansyon ak moun ki deside ofri yo sipò yo pou yo antre Ozetazini.

Sèvis Imigrasyon ak Sitwayente di tou, okenn moun ki nan peyi Etazini pa dwe epi pa otorize pou pran lajan nan men moun pou esponsò. Nan sans sa a, li mande tout sitwayen Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen ak Venezyelyen pou yo rete vijilan anpil.

N ap raple, Prezidan Ameriken an, Joe Biden te anonse nan dat ki te jedi 5 janvye 2023 a, peyi Etazini pral aksepte 30,000 imigran ki soti nan kat (4) peyi sa yo: Ayiti, Kiba, Venzyela ak Nikaragwa ki ranpli kondisyon yo egzije yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.