Repiblik dominikèn rejwenn 6 peyi nan Amerik la pou goumen kont trafik dwog ak kont gang yo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
repiblik dominikèn rejwenn 6 peyi nan amerik la pou goumen kont trafik dwog ak kont gang yo

Kay vwazen deside yon fwa po u tout pou l bon jan batay kont trafik dwog avèk kont gang yo sou teritwa li a swit ak entegrasyon li nan yon alyans ki genyen 6 peyi nan Amerik la ladan l ki pran menm chimen an.

Repiblik dominikèn rejwenn yon alyans ki genyen ladan l Meksik, Beliz, Gwatemala, Salvadò, Ondiras ak Kostarika. Tout peyi sa yo pran angajman pou yo lite kont trafik dwòg, gang, sibè sekirite sou teritwa yo chak la, epitou pou yo jere zafè konpatriyòt yo k ap ale pa pakèt Ozetazini.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsa, minis sekirite Amerik santral, Meksik ak Repiblik dominikèn yo mete yo dakò ayè jedi 2 fevriye a nan Gwatemala pou yo adopte yon estrateji nan tèt kole pou asire lakay yo gen plis sekirite.

“Chak peyi gen pwòp estrateji pa yo pou konbat krim òganize lakay yo. Nou chita pale epi chanje lide sou plan ak pwotokòl k ap bon pou rejyon an”, se deklarasyon minis gwatemaltèk Enteryè a, David Napoleon Barrientos, pandan yon konferans près.

N ap raple, plizyè minis ak delege peyi Meksik, Beliz, Gwatemala, Salvadò, Ondiras, Kostarika ak Repiblik dominikèn te patisipe nan echanj yo ki te dewoule nan Gwatemala, malerezman Nikaragwa ak Panama pat ka la. Pwochen chita pale yo ap fèt nan 6 mwa, se sa laprès dominikèn detaye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.