Peyi Etazini bay pou pi piti 90 milyon dola kòm èd sekirite sou 18 dènye mwa yo pou ranfòsman Lapolis la nan batay kont gwoup gang yo epi garanti eta de dwa nan kominote ki pi vilnerab yo, daprè Brian A. Nichols.
🇺🇸 supports HNP’s work to improve security for all citizens, incl. through a new training series to address gang violence. The intl. community can aid these efforts by joining us in supporting the UN Basket Fund for Security & imposing sanctions on those fomenting violence. -BAN pic.twitter.com/Spw3sRzJ8f
— Brian A. Nichols (@WHAAsstSecty) October 13, 2022
Sekretè deta adjwen afè emisfè oksidantal la fè konnen sou kont Twitter li jounen jedi 13 oktòb 2022, peyi Etazini kontinye soutni travay Lapolis la pou amelyore sekirite siwtayen yo fas ak vyolans gang yo.
Brian A. Nichols envite kominote entènasyonal la rejwenn peyi Etazini pou soutni Nasyonzini nan fon pou sekirite a epi enpoze sanksyon ak tout moun ki ap alimante vyolans la nan peyi a.
Sekretè deta adjwen an nan misyon an Ayiti depi ayè mekrèdi 12 oktòb pou kapab rankontre diferan aktè yo pou jwenn yon solisyon ak kriz ki gen Ayiti an.
Malgre kantite lajan sa Brian Nichols di peyi Etazini bay pou ranfòse kapasite Lapolis la nan batay kont gwoup gang yo, enstitisyon an toujou poko ka retabli lapè sou teritwa a. Anpil obsèvatè pa sispann denonse mank mwayen Lapolis la pou asire sekirite nan peyi a.
Facebook Comments