Etazini | Yon Anti-Ayisyen kondane pou 20 lane prizon pou krim rayisman rasyal

Wallace Elie
ParWallace Elie- Redacteur
etazini yon anti ayisyen kondane pou 20 lane prizon pou krim rayisman rasyal

Afriken-Ameriken Izaye Eubanks, sèlman 22 lane, ki sòti Springfield nan Eta Ohio, kondane pou 20 lane prizon federal poutèt li komèt krim rayisman rasyal kont pou pi piti 8 sitwayen ayisyen. Pratik li, daprè Depatman Lajistis Etazini (DOJ), se jwenn Ayisyen, atake yo, epi vòlè lajan, telefòn selilè, machin ak/oswa lòt efè pèsonèl yo.

Izaye Eubanks te jwenn arestasyon l epi kondane pou pase 20 lane nan prizon pou krim rayisman rasyal kont pou pi piti uit sitwayen ayisyen. Li te vize moun sa yo nan mwa janvye ak fevriye ane sa a lè li te komèt “divès kalite atak, vòl ak yon vòl machin kont ayisyen yo sou baz move pèsepsyon sou orijin nasyonal viktim yo”, daprè yon deklarasyon DOJ.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Tracker ayisyen sa t ap vwayaje nan Springfield pou chèche moun li te kwè ki ta ayisyen, li atake yo, li bat yo epi frape yo anvan li vòlè lajan, telefòn selilè, machin ak/oswa lòt bagay pèsonèl yo, deklarasyon DOJ.

Finalman, dapre yon egzanp espesifik ki montre metòd prefere Eubanks pou krim li fè kont Ayisyen yo, dapre sa Depatman Jistis Etazini (DOJ) pataje :

« Nan dat 29 janvye, Eubanks te atake epi vòlè yon viktim pandan li te sou wout pou l voye $300 lajan kach bay manman l an Ayiti. Eubanks te bay viktim lan yon kout pwen nan dèyè tèt li ak nan kou. Li te fè l pèdi konesans pandan yon ti tan, epi vòlè lajan viktim lan, telefòn selilè ak kat ATM li. Menm jou a, Eubanks atake yon lòt viktim pandan y ap kite yon mache ayisyen. Li te pran viktim lan nan chemiz, rale l sòti nan machin li epi ba li yon kout pwen nan figi l anvan li vòlè machin viktim nan ».

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Wallace Elie
Par Wallace Elie Redacteur
Follow:
Communicateur Social,journaliste. Motivation, Rigueur et écoute sont les maîtres mots de mon comportement professionnel.