ACTUALITÉSAN KREYÒL

Evite wout Pòtay Leyogàn pou jodi a, kout bal ap chante

Plizyè kout bal chante nan zòn Pòtay Leyogàn pandan aprèmidi jedi 8 jen 2023 a, presizeman devan Vilaj De Dye. Lapolis ak gwoup bandi tout moun konnen sou non 5 Segond lan toujou ap twoke kòn yo nan katye sila a.

Depi plizyè mwa, lapolis ak bandi ki fè pati gwoup gang Izo ak Manno ap dirije a “5 Segond”, pa sispann goumen nan kad operasyon lapolis ap mennen pou derasinen gwoup gang sa k ap taye banda depi plizyè lane nan rantre Sid kapital la. Pou aprèmidi 8 jen an, plizyè rafal kout bal chante Pòtay Leyogàn. Li mande ak tout moun ki touprè yo pran anpil prekosyon epi evite alantou Pòtay Leyogàn pou anpeche yo viktim anba bal mawon.

Depi aprè gwo lapli ki pa t sispann tonbe depi kòmansman semèn sa, ajan PNH yo ki andedan machin blennde yo te pran yon poz ak afwontman yo. Men prezans cha yo te toujou remake nan zòn Pòtay Leyogàn. Plizyè machin ki soti Fontamara ak Bizoton epi vil pwovens yo te pwofite kontinye sikilasyon yo kòmsadwa.

Aprè midi an, kout bal yo miltipliye, sikilasyon an ralanti. Toujou poko gen yon bilan sou operasyon gwo ponyèt sa a. Toutfwa, redaksyon an vle atire atansyon tout moun ki gen lide frekante Pòtay Leyogàn ak zòn anviwon yo paske bagay la mangonmen.

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.