Harry Kane pare pou l diskite ak Real Madrid

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
harry kane pare pou l diskite ak real madrid

Depi aprè transfè Karim Benzema nan klèb Al-Ittihad la, non antakan Tottenham lan pa fè yon jou pou l pa site nan laprès espanyòl ak anglè, kòm kwa li se jwè ki pi konplè ki kapab ranplase Balon dò 2022 a. Yon jounalis nan The Athletic, David Ornstein, fè konnen Harry kane prè pou l negosye ak Real Madrid pou mèkato ete a.

Se nan Podcast Five, David Ornstein fè konnen jodi jedi a, anvi Harry Kane genyen pou l kite Tottenham sezon sa. Li menm prè pou l ta negosye ak Real Madrid pou sezon k ap vini an. Pandan Merengue yo ap pran distans yo sou dosye a pou kèk obstak yo jwenn.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Daprè sa m konnen, Harry Kane prè ak tout pòt ki ka ouvè pou li, menm Real Madrid. M pa konn si l pa anvi jwe andeyò Premier League la », deklare jounalis la.

Se pa sèlman Madrilèn yo ki vle siyen jwè a. Klèb tankou Manchester United ak Bayern Munich nan kous la tou. Real ta menm jwenn kèk difikilte pou l ta fè jwè a vini, sa ki ta dekouraje dirijan Merengue yo. Si n fè konfyans ak jounalis The Athletic la, dosye Harry Kane lan kapab evolye nan jou k ap vini yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article