Evite zòn Kafoufèy nan moman an, anpil moun ap abandone kay yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
evite zòn kafoufèy nan moman an, anpil moun ap abandone kay yo

Pandan jounen dimanch 13 dawout 2023 a, rafal katouch pa sispann chante nan plizyè anviwon katye sila. Plizyè sitwayen pèzib oblije kouri kite espas ki te rele yo chèmèt chèmètrès la akòz presyon bandi yo nan zòn sa.

Depi plizyè jou, zòn kafoufèy ap konnen yon moman difisil. Daprè enfòmasyon nou ka fè konfyans, bandi ak zam nan zòn Gran Ravin anvayi katye sa nan lide pou okipe epi teworize espas sa. Lapolis a plizyè repriz tante afwonte gwoup gang sa, malerezman, toujou pa gen rezilta.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan prèske tout atak bandi san fwa ni lwa yo, viktim yo pa sispann miltipliye. Pou jodi dimanch lan, anpil moun oblije abandone lakay yo. Sila yo ki oblije al dòmi kay moun, menmjan genyen ki lage nan lari sans lespwa.

Pou jodi dimanch sa, evite zòn kafoufèy. Pou moman redaksyon atik sa a, 5h : 00 PM, sitiyasyon an toujou mangonmen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.