Fabrizio Romano, yon nonm ki pote mèkato a sou do l

Jephte Pascal
Par Jephte Pascal  - Rédacteur
fabrizio romano, yon nonm ki pote mèkato a sou do l
Depi w di mèkato, kit li ivènal kit li estival, ou wè Fabrizio Romano. Jèn jounalis Italyen sa fè yon seri mache transfè a espasyalite l epi se premye bagay ki fè yo rekonèt li.
Depi Romano pa poste l, li pa bon, se konsa yon moun ka verifye yon enfòmasyon ki bay sou mache transfè a. Jounalis Italyen an, Fabrizio Romano se yon espesyalis nan domèn mèkato a epi tout pi gwo enfòmasyon ki gen rapò ak sa se li menm ki pou lage l anvan.
Pi gwo transfè ki reyalize dènye ane sa yo, se Fabrizio Romano ki te anonse l kèk jou  anvan. Epi depi Italyen an mete w sou yon pis, ou mèt fèmen 2 je w paske se bon an. Se jounalis moun yo plis fè konfyans nan mond foutbòl la. Li gen plis pase 10 milyon moun k ap swiv li sou Twitter selman.
Nonm 29 lane a kòmanse ekri sou foutbòl depi lè l gen 16 lane. Karyè l eksploze depi lè l gen 18 lane, aprè l te fin bay yon nouvèl sou transfè Mauro Icardi. Li lye kontak ak dirijan klèb epi ajan jwè yo. Se sa ki fè l toujou gen pi bon enfòmasyon yo avan tout moun.
Romano vin tankou yon kouran moun ap swiv. Nan dènye jou mache transfè pou ivè a, sa yo rele « deadline » nan, tout moun t ap veye rezo l yo pou konn ki dènye mouvman k ap fèt kote klèb yo. Se sa k fè, 2zèdtan avan mache a boukle, jounalis la te lanse yon live pou l bay nouvèl yo rapid vit.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.