Nan lannwit madi swa, mache transfè a te cho anpil, gadyen Paris Saint-Germain an ki pat vle rete nan ekip kapital la rive jwenn akò PSG pou l al jwe nan Nottingham Forest sou fòm yon prè. Jwè 36 lane a, pral dekouvri Premier League la aprè pasaj li nan Ligue 1 an ak Liga a.
Nan yon kominike PSG anonse jodi mèkredi a, Navas pral jwe pou Nottingham Forest, men sa chanpyon Frans lan fè konnen sou paj li: » Paris Saint-Germain swete anpil siksè ak Keylor Navas pou res sezon an ak Nottingham Forest »
Ansyen gadyen Real Madrid la, te wè tan pou l te jwè nan ekip PSG a diminye depi lè Gianluigi Donnarumma rive nan ekip la nan lane 2021. Konkirans lan ta pral fò anpil ant 2 gadyen sa yo, Navas ta pral komanse boule ban; sa ki ta pral pouse Kostarisyen an mande kite klèb kapital la.
PSG ki pat ka kouri reponn ak demand jwè a akoz kantite jwè li te dwe prete yo te rive nan bout li, se transfè Ander Herrera, ki al jwe nan Athletic Bilbao ki libere Navas. Transfè Herrera a bay Navas posibilite pou li al jwen nan Nottingham Forest, ki apenn monte nan Premier League lan.
Facebook Comments