Fanm yo, premye viktim ak zouti gang yo itilize nan batay yo pou kontwole plis teritwa

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
fanm yo, premye viktim ak zouti gang yo itilize nan batay yo pou kontwole teritwa
Daprè Nasyonzini genyen 2 645 ka vyolans seksyèl ki anrejistre nan peyi Dayiti sou fanm ak tifi yo pou lane 2022 a. Nan batay ki genyen pou kontwòl teritwa a, gang yo fè anpil presyon sou medam yo pou mennen misyon yo.
Plizyè dizèn gwoup gang okipe kapital Pòtoprens lan ak vil pwovens yo depi plizyè lane deja, epi nan zak y ap komèt yo, fanm ak tifi pa epanye. Yo itilize kò fanm yo kòm zam pou gen yon pi bon kontwòl nan batay y ap mennen, se sa Associated Press revele.
Gang yo itilize menas vyòl ak vyòl, pami lòt fòm vyolans, pou anpeche kominote yo kite zòn y ap kontwole yo. Lè konsa se fanm ak tifi yo ki premye nan liy viktim yo paske yo pi vilnerab.
Anvwaye espesyal Nasyonzini nan peyi Dayiti, Helen La Lime, te deklare devan Konsèy sekirite a nan fen mwa janvye 2023, gang yo itilize vyolans seksyèl pou « detwi tisi sosyal kominote yo », an patikilye nan zòn gang rival yo ap dirije yo. Yo menm vyole tifi ak ti gason apati laj 10 zan, li di.
Anplis sa yo, gang yo souvan fè gwo presyon sou yo ki ka ale jiska boule kay yo rete, touye manb fanmi yo, patikilyèman mari oubyen gason ki gen nan kay la. Lè konsa yo konn oblije sove kite zòn nan ak tout fanmi yo, si yo gentan.
Plizyè videyo ki bay kè tounen epi ki sou rezo sosyal yo abitye montre kijan bandi ak zam nan kèk zòn tankou Latibonit, Matisan, Kwadèboukè, patikilyèman nan zòn Kanaran, ap vyole, tiye, boule oubyen dekapite fanm ak tifi lè y ap batay kont advèsè yo, ki konn bandi, lapolis oubyen popilasyon sivil la.
Mete sou sa, anplis fanm yo pè gang yo, yo pa gen twòp konfyans non plis nan lapolis.
Malgre tout sa yo gen yon fèb rapò sou sitiyasyon an ki bay anpil kè sote epi rann etid yo difisil pou otorite ki konpetan yo pou yo evalye dega yo. Gouvènman jiskaprezan refize kòmante pwoblèm nan, ak pa ki mwayen l ap pase pou l rezoud li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article