Fanmi Lavalas pa t bay gouvènman manda, nou pa nan rele aba”, deklarasyon Jodson Dirogène

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
fanmi lavalas pa t bay gouvènman manda, nou pa nan rele aba, deklarasyon jodson dirogène

Pandan seri manifestasyon kont gouvènman an ki te òganize nan plizyè vil peyi a depi plizyè semèn, nan sousi pou egzije demisyon Ariel Henry ak ekip li yo, Fanmi Lavalas konfime yo pa nan anbyans sa paske yo pa t bay moun manda. Daprè deklarasyon pòt pawòl pati politik la ayè 10 fevriye 2024 la, Jodson Dirogène, Fanmi Lavalas pa p fouye kò l nan batay sa paske daprè li : « Si nou di nou vle ranplase yon moun, li nesesè pou nou presize fòm ak chimen pou n pran. »

Si divès pati politik ak majorite manm popilasyon an wè nesesite pou yon lòt sistèm politik, pou chanje sitiyasyon katastwofik sa Ayiti ap fè fas la, pou Fanmi Lavalas, yo pa t bay gouvènman an manda, pati a pa ka mande l kite pouvwa a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lavalas pa kwè ni de prè, ni de lwen nan mouvman sa yo ki òganize pou mete do Ariel Henry atè sou pouvwa a, si n ta kwè deklarasyon pòt pawòl pati a. Daprè dirijan an, sou antèn Radyo Mega, popilasyon an poko pran lari. ” Fanmi Lavalas gen pou l pran lari a lè popilasyon an pran lari. Pou moman sa yo se moun k ap eseye ranplase PHTK ak manm PHTK nou wè nan lari a.” Pandan li fè konnen tou, yo pa p ka rantre nan pwosesis sa.

Kontrèman ak rimè ki t ap fè tole, kòmkwa pati politik Fanmi Lavalas te gen ti bat bouch ak gouvènman an pou te jwenn yon akò, lidè pati a, Jodson Dirogène fè konnen, Fanmi Lavalas pa diskite ni fòmèlman ni enfòmèlman ak Premye minis lan sou pyès akò.

Toutfwa, li ensiste sou deklarasyon li, “pati a pa mande demisyon gouvènman an”.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.