Gonayiv : Lapolis tiye 4 bandi nan baz “Bwa Kale” epi arete 4

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
gonayiv lapolis tiye 4 bandi bwa kale epi arete 4
Pandan yon operasyon plizyè polisye nan Brigad Entèvansyon Komisarya Gonayiv la ak Inite Depatmantal pou Kenbe Lòd la (UDMO) Latibonit te mennen ansanm kont baz bandi “Bwa kale” a, k ap opere nan Twou Sab, ki loje l nan site endepandans lan, nan mitan lannwit 13 pou louvri 14 janvye 2023 a, fòs lòt yo te bay 8 bandi yon leson lekòl pa t janm ba yo. Pami yo 4 te fè vwèl pou peyi san chapo padan echanj kout bal, daprè yon nòt ki rann ofisyèl sou paj ofisyèl Facebook ak Instagram enstitisyon an.
Se te pou tout bon, yon baz bandi nan vil Gonayiv ki pote non “Bwa Kale”, pran anba gwo presyon sikonsisyon lapolis pandan semèn sa yo, pandan trennen sa a polisye yo nan komisarya Gonayiv la ak UDMO Latibonit nan Twou Sab la, 4 bandi “Bwa Kale” gagari anba bal ajan polis yo, 4 lòt te jwenn arestasyon yo nan lannwit 13 pou rive 14 janvye a. Pandan operasyon serye sa a ki te dewoule nan Twou Sab la, lapolis konfime yo konfiske 2 zam, yon machin ak yon motosiklèt, toujou daprè nòt PNH la pibliye ayè samdi swa a.
Toujou daprè enstitisyon polisye peyi Dayiti a, 4 lòt manm gwoup kriminèl “Bwa Kale” ki arete yo se !
– Derice Jocelyn
– Joseph Jimmy
– Noel Ritchy
– Dieujuste Victor.
PNH fè konnen tou, aprè operasyon sa a, “plizyè lòt bandi te kouri met deyò”.
Pandan li fè konnen tou, Lapolis nan Gonayiv ap kontinye chèche kou vè lanp tout rès lotè estrikti asasen “Bwa Kale” a, jiskaske yo detwi òganizasyon kriminèl sa a” nan Site Endepandans peyi an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.